1st Quarter In-Service Training
Welcome to Providence Home Care Services’ 3rd Quarter In-Service Training.
Please review all training materials below, then complete the quiz and completion form. Enter your full name and caregiver ID so we can record your completion.
Training Topics
Bloodborne Pathogens
Diabetic Care
Employee Responsibilities
HIPAA: A Guide for Long-Term Care Workers
Infection Control
Violence in Home Care
Bloodborne Pathogens
ENGLISH — Introduction
Bloodborne pathogens are germs in human blood that can cause illness, including hepatitis B, hepatitis C, and HIV.
Caregivers may be exposed through a contaminated needle injury or when infected blood contacts their eyes, mouth, or broken skin. Treat all human blood as potentially infectious and follow the agency’s exposure control plan.
KREYÒL — Entwodiksyon
Mikwòb ki transmèt nan san se mikwòb ki nan san moun epi ki ka lakòz maladi, tankou epatit B, epatit C ak VIH.
Caregivers yo ka ekspoze si yon zegwi kontamine pike yo, oswa si san enfekte antre nan je yo, bouch yo, oswa touche po ki blese. Konsidere tout san moun kòm san ki ka gen mikwòb, epi suiv plan ajans lan pou anpeche ekspozisyon.
ENGLISH — Protect Yourself
• Wear gloves when contact with blood is possible. Use eye and face protection when splashes are possible.
• Wash your hands immediately after removing gloves.
• Never pick up contaminated broken glass with your hands. Use appropriate tools.
• Do not bend, break, or recap used needles. Follow the agency’s sharps disposal procedures.
• Handle contaminated laundry as little as possible. Follow agency procedures for cleaning and waste disposal.
KREYÒL — Pwoteje Tèt Ou
• Mete gan lè ou ka antre an kontak ak san. Mete pwoteksyon pou je ak figi lè san ka pwojte sou ou.
• Lave men ou tousuit apre ou retire gan.
• Pa janm ranmase vè kase ki kontamine ak men ou. Sèvi ak zouti ki apwopriye.
• Pa pliye, kase, oswa remete bouchon sou zegwi ki fin itilize. Suiv pwosedi ajans lan pou jete zegwi ak lòt objè pwenti.
• Manyen rad oswa dra ki kontamine pi piti posib. Suiv pwosedi ajans lan pou netwayaj ak eliminasyon fatra.
ENGLISH — If You Are Exposed to Blood
Immediately wash needlestick injuries or cuts with soap and water.
If blood splashes into your nose or mouth, flush with water. If it enters your eyes, rinse with clean water or saline.
Report the exposure to your supervisor immediately.
Seek medical evaluation immediately. Do not wait until your shift ends.
KREYÒL — Si Ou Ekspoze ak San
Lave kote zegwi a pike w oswa kote ou koupe a tousuit avèk savon ak dlo.
Si san antre nan nen ou oswa bouch ou, rense avèk dlo. Si li antre nan je ou, rense avèk dlo pwòp oswa solisyon saline.
Rapòte ekspozisyon an bay sipèvizè ou tousuit.
Chèche yon evalyasyon medikal tousuit. Pa tann sèvis ou fini.
ENGLISH — Report an Exposure
Contact the agency nurse immediately.
Agency phone: 718-677-4260
Emergency / On-call phone: 347-307-5504
Seek medical evaluation immediately. Do not delay care while waiting for a callback.
KREYÒL — Rapòte yon Ekspozisyon
Kontakte enfimyè ajans lan tousuit.
Telefòn ajans lan: 718-677-4260
Telefòn ijans / sèvis on-call: 347-307-5504
Chèche yon evalyasyon medikal tousuit. Pa tann yo rele w tounen pou w al chèche swen.
ENGLISH — Hepatitis B Vaccination
The hepatitis B vaccine helps protect against hepatitis B infection. Employers must offer it at no cost to employees with occupational exposure, unless they are already vaccinated, immune, or cannot receive it for medical reasons.
If you decline the vaccine, you must sign a declination form. You may later change your mind and receive it at no cost while you remain eligible.
Contact the agency nurse at 718-677-4260 for information about vaccination arrangements.
KREYÒL — Vaksen Epatit B
Vaksen epatit B ede pwoteje kont enfeksyon epatit B. Anplwayè yo dwe ofri li gratis bay anplwaye ki ekspoze nan travay yo, sof si yo deja vaksinen, yo deja gen iminite, oswa yo pa ka pran li pou rezon medikal.
Si ou refize vaksen an, ou dwe siyen yon fòm refi. Ou ka chanje lide pita epi resevwa li gratis pandan ou toujou kalifye.
Kontakte enfimyè ajans lan nan 718-677-4260 pou enfòmasyon sou fason pou resevwa vaksen an.

Watch this introductory video, then review the training materials on this page.
Gade videyo entwodiksyon sa a, epi li materyèl fòmasyon ki sou paj sa a.
Source / Sous: Oregon OSHA — Oregon DCBS.
Diabetic Care / Swen pou moun ki gen dyabèt
ENGLISH — Introduction
Diabetes is a condition in which blood sugar (glucose) becomes too high because the body does not make enough insulin or does not use insulin properly. Insulin helps sugar enter the body’s cells for energy.
Over time, high blood sugar can damage the heart, kidneys, eyes, and nerves.
KREYÒL — Entwodiksyon
Dyabèt se yon maladi kote nivo sik (glikoz) nan san vin twò wo paske kò a pa pwodui ase ensilin oswa li pa itilize ensilin byen. Ensilin ede sik antre nan selil kò a pou bay enèji.
Lè sik nan san rete wo pandan lontan, li ka domaje kè, ren, je ak nè yo.
ENGLISH — The Caregiver’s Role
• Follow the patient’s care plan and the nurse’s instructions.
• Help with meals and daily activities as assigned.
• Encourage the patient to follow the meal and activity plan recommended by their healthcare team.
• Observe and report changes in the patient’s condition to the agency nurse.
• Perform only tasks you are trained and authorized to do. Do not independently change medicines or insulin doses.
KREYÒL — Wòl Caregiver la
• Suiv plan swen pasyan an ak enstriksyon enfimyè a.
• Ede ak manje ak aktivite chak jou selon travay yo ba ou.
• Ankouraje pasyan an suiv plan manje ak aktivite ekip medikal li rekòmande.
• Obsève epi rapòte chanjman nan eta pasyan an bay enfimyè ajans lan.
• Fè sèlman travay ou resevwa fòmasyon ak otorizasyon pou fè. Pa chanje medikaman oswa dòz ensilin poukont ou.
ENGLISH — Signs of Low Blood Sugar
Low blood sugar (hypoglycemia) can happen quickly. Warning signs include:
• Shaking or sweating
• A fast heartbeat
• Hunger or dizziness
• Irritability or confusion
Some people have no warning signs. Follow the patient’s care plan immediately if low blood sugar is suspected, and notify the nurse promptly.
KREYÒL — Siy Sik nan San ki Twò Ba
Sik nan san ki twò ba (ipoglisemi) ka rive rapid. Siy yo ka gen ladan:
• Tranble oswa swe
• Kè k ap bat vit
• Grangou oswa tèt vire
• Chimerik oswa konfizyon
Gen moun ki pa gen siy avètisman. Si ou sispèk sik pasyan an twò ba, suiv plan swen li tousuit epi avèti enfimyè a san pèdi tan.
ENGLISH — Responding to Low Blood Sugar
If the patient is awake and can swallow safely, follow their written low-blood-sugar care plan immediately. Help with blood sugar testing only if trained and authorized.
The usual 15-15 rule is: give 15 grams of fast-acting carbohydrate, such as ½ cup (4 ounces) of regular juice; recheck blood sugar after 15 minutes; repeat if it remains below 70 mg/dL. Follow the patient’s specific instructions and notify the nurse promptly.
EMERGENCY: If the patient is unconscious, has a seizure, or cannot swallow safely, call 911 immediately. Do not give food, drinks, or anything by mouth. Follow the dispatcher’s instructions. Use prescribed glucagon only if trained and authorized.
After calling 911, notify the agency:
Office: 718-677-4260
On-call: 347-307-5504
Do not wait for the agency to call back before calling 911.
KREYÒL — Sa pou Fè Lè Sik nan San Twò Ba
Si pasyan an reveye epi li ka vale san danje, suiv plan ekri li genyen pou sik ki twò ba tousuit. Ede mezire sik li sèlman si ou resevwa fòmasyon ak otorizasyon.
Règ 15-15 yo itilize souvan an se: bay 15 gram sik ki aji rapid, tankou ½ tas (4 ons) ji nòmal; mezire sik la ankò apre 15 minit; repete si li toujou anba 70 mg/dL. Suiv enstriksyon espesifik pasyan an epi avèti enfimyè a san pèdi tan.
IJANS: Si pasyan an pèdi konesans, fè kriz, oswa li pa ka vale san danje, rele 911 tousuit. Pa ba li manje, bwason, oswa anyen nan bouch. Suiv enstriksyon operatè 911 la. Itilize glikagon doktè a preskri sèlman si ou resevwa fòmasyon ak otorizasyon.
Apre ou rele 911, avèti ajans lan:
Biwo: 718-677-4260
On-call: 347-307-5504
Pa tann ajans lan rele ou tounen anvan ou rele 911.
ENGLISH — Signs of High Blood Sugar
High blood sugar (hyperglycemia) may cause:
• Increased thirst
• Frequent urination
• Tiredness
• Blurry vision
Report these changes promptly to the agency nurse and follow the patient’s care plan. Do not give extra insulin or change medication doses on your own.
EMERGENCY: Call 911 immediately if the patient has trouble breathing, fruity-smelling breath, vomiting and cannot keep food or drinks down, or loses consciousness. These may be signs of a serious diabetes emergency. Notify the agency after calling 911.
KREYÒL — Siy Sik nan San ki Twò Wo
Sik nan san ki twò wo (ipèglisemi) ka lakòz:
• Plis swaf
• Pipi souvan
• Fatig
• Vizyon twoub
Rapòte chanjman sa yo bay enfimyè ajans lan san pèdi tan epi suiv plan swen pasyan an. Pa bay ensilin anplis oswa chanje dòz medikaman poukont ou.
IJANS: Rele 911 tousuit si pasyan an gen difikilte pou respire, souf li gen sant fwi, li ap vomi epi li pa ka kenbe manje oswa bwason nan lestomak li, oswa li pèdi konesans. Sa ka siy yon ijans grav ki gen rapò ak dyabèt. Avèti ajans lan apre ou rele 911.
ENGLISH — Foot Care
Follow the patient’s care plan when assisting with foot care.
• Look for cuts, blisters, redness, swelling, or sores. Report changes promptly to the nurse.
• Wash with warm—not hot—water. Do not soak the feet.
• Dry gently and thoroughly, especially between the toes.
• Do not put lotion between the toes.
• Encourage properly fitting shoes and clean socks. Avoid walking barefoot.
• Do not remove corns or calluses. Ask the nurse about nail care before assisting.
KREYÒL — Swen Pye
Suiv plan swen pasyan an lè ou ede li pran swen pye li.
• Gade si gen koupe, anpoul, woujè, anfle oswa blesi. Rapòte chanjman yo bay enfimyè a san pèdi tan.
• Lave pye yo ak dlo tyèd, pa dlo cho. Pa kite pye yo tranpe nan dlo.
• Seche yo dousman epi byen, sitou ant zòtèy yo.
• Pa mete losyon ant zòtèy yo.
• Ankouraje soulye ki byen adapte ak chosèt pwòp. Evite mache pye atè.
• Pa retire kò oswa po di nan pye yo. Mande enfimyè a enstriksyon sou swen zong anvan ou ede.